Nou salye angajman granmoun mas popilè a pran pou l rekanpe diyite l nan Konjonkti an pandan l ap poze pwoblèm estriktirèl li yo Ki se: manje, bwè, lojman, laswenyay ak bon jan levasyon pou pitit li.

Batay jounen jodi a mande pou n fè yon analiz nan 2 manch. Yon manch estriktirèl ak yon manch Konjonktirèl. Pou nou menm, rezilta ki gen jodi a montre nou se pa Jovenel ki echwe, men se pito pwojè Gwoup184 t’ap eseye konstui depi 2004 la ki echwe.

Pwojè sa a ki te pote nouvo kontra-sosyal-eksklizyon an ki te chita sou franchiz dwanyè epi kraze tout dinamik politik sosyal yo ki te la pou te ride mas la kenbe tèt toujou. Mesye-dam sosyete sivil boujwa retwograd yo rive mete mas popilè yo deyò an 2004, epi yo pran 2 moun (Jovenel ak Martelly) pou yo pote l.

Pwojè mafya sa yo pran rasin li depi 1915. Kèk eleman nan klas dominant lan te gen sipò Etazini pou yo rive fè 19 lanne plis 4 lanne Élie Lescot a sou pouvwa epi redwi mas peyizan yo nan kòve. An 1946, pèp la ak kèk eleman tante reprann, men se modèl Leta a ki te kontinye pou l vin bay 29 lanne Duvalier a.

Malgre mas la ankò nan sousi demokrasi popilè a fè eleksyon 1990 yo, mafya yo koupe souf li an 1991. Mas la reparèt timidman ankò nan goumen kont politik neyoliberal yo, men an 2004 yo kase l. Sepandan, an 2010, avèk Martelly mafya yo rive sezi ni politik la ni ekonomi a nan men mas yo.

Jodi a, nou pa ka konsidere Jovenel tankou yon moun izole, Jovenel se tout yon pwojè politik kote sektè prive a pote epi bay jarèt. Echèk Jovenel se echèk fè lajan sou san mas la san gade dèyè.

Si n’ap konstwi yon nasyon, li pa ka fèt san baz viv-ansanm lan ki se dinamik tout kominote ki chita sou byennèt kolektif. Sektè prive a dwe aprann leson ki nan lari a nan mitan pèp la ki chita sou batay kont kòripsyon, kont gagòt ak kont mepri pou lavi moun tout bon. E se pwojè sa a nèg yo rive koupe kou l depi 17 oktòb 1806 nan ban nou yon leta sektè ki pote sou anrichisman yon ti gwoup. Fòk Jovenel ale a, se yon rèl kont kontinite piyaj ak jwisans yon leta esklizyon an.

Nou menm nou pote kole nan mitan batay pèp la ak pèp la. Se pa nou k’ap dikte pèp la, pèp ayisyen an granmoun. Li mete blan meriken deyò an 1934, li pote ale diktati 29 lanne Duvalier yo, li rekanpe doubout 33 lanne aprè pou l mande mafya yo kanpe sou souse san l. Yo monte lajan meriken, yo anpeche yo manje, yo gagote lajan petwokaribe a, pèp la fwape pye l atè kont pwojè sa a.

An 2019, se batay kont privilèj yon gwoup pou reklame yon leta ki sòti nan toyo 1791 nan bwa kayiman ke mafya yo te anvi pote ale depi 17 oktòb 1806, men nou la nan mitan yo ak anpil vijilans pou n anpeche yo monte sou do pèp la. Nou wè Ayiti anndan yon lòt pwojè sosyete k’ap fè plas pou solèy leve nan mitan tout pitit Ayiti yo. Kòm pèp ayisyen an pa janm fè lach nan veye lavni l, nou menm tou, nou pa fè lach, lè n deside kanpe nan mitan yo pou nou fè chimen an ansanm avèk yo.

Antonio CHERAMY, Senatè Repiblik Ayiti.

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

LAISSER UN COMMENTAIRE

Please enter your comment!
Please enter your name here